Enfòmasyon anplis ak kesyon ki gen rapò ak preparasyon deklarasyon taks sou revni ou la
Gen anpil kote ki prepare deklarasyon taks sou revni ki resevwa lajan sibvansyon pou fè travay sa a. Kote sa a kapab itilize
enfòmasyon ki nan kesyon sa yo pou li fè aplikasyon pou sibvansyon. N ap itilize repons ou yo pou estatistik sèlman.
Apre angle ki lòt lang moun lakay ou pale?
Èske yo konsidere oumenm oswa yon moun lakay ou kòm yon moun enfim?
Wi
Non
Si yo dwe voye yon ranbousman ba ou oswa si w dwe lajan:
•
Mande pwofesyonèl ki prepare deklarasyon taks sou revni pou ou a enfòmasyon sou Depo Dirèk. Se jan ki pi rapid, pi fasil pou
resevwa lajan y ap ranbouse w la. Yon deklarasyon taks sou revni ki fèt pa mwayen elektwonik (e-file) vle di ranbousman an ap
fèt byen vit. Kontribyab ki depoze deklarasyon taks sou revni pa vwa elektwonik epi ki fè Depo Dirèk an menm tan kapab jwenn
ranbousman yo nan apèn 10 jou.
•
Mande pwofesyonèl ki prepare deklarasyon taks sou revni pou ou a enfòmasyon sou Series I U.S. Savings Bonds (Bon Seri I pou
ekonomi nan Etazini) ak yon pati oswa tout lajan taks y ap ranbouse w la. Savings Bonds se yon jan ki an sekirite epi ki sèten pou
envesti nan lavni. Achte I Bonds (Bon I) pou tèt pa ou oswa pou lòt moun nan kantite ki $50 epi l ap ba w enterè pandan jiska 30 ane.
Si y ap voye ranbousman tounen ba w, èske w ta renmen fè depo dirèk?
Wi
Non
Si y ap voye ranbousman tounen ba w, èske w ta renmen enfòmasyon sou kouman pou achte
Wi
Non
U.S. Savings Bonds?
Si y ap voye ranbousman tounen ba w, èske w ta renmen enfòmasyon sou kouman pou pataje
Wi
Non
ranbousman ou lan nan kont diferan?
Si w dwe lajan, èske w ta renmen fè peman an dirèkteman nan kontanbank ou?
Wi
Non
Lòt kòmantè anplis:
KANPE LA!
Mèsi paske w ranpli fòm sa a. Tanpri bay volontè ki sètifye pou prepare
deklarasyon taks sou revni a fòm sa a pou li ka prepare deklarasyon taks sou revni a pou ou.
Dwa sivil ou yo pwoteje: Misyon Internal Revenue Service (Biwo Kontribisyon) se pou bay kontribyab nan Etazini bon kalite sèvis
pou li ka ede yo konprann epi pran responsablite pou enpo yo epi pou aplike lalwa sou taks yo ak entegrite epi san patipri pou tout
moun. Nan okenn sikonstans, Internal Revenue Service pap tolere anplwaye li yo, benefisyè li yo, kontraktan li yo, epi/ak sou-
kontraktan li yo fè diskriminasyon. Yo pa anpeche PÈSONN MOUN patisipe, ni yo pa kapab refize pèsonn moun benefis, ni yo pa
kapab fè pèsonn moun soufri diskriminasyon poutèt ras, koulè, si se fanm oswa gason, orijin nasyonal, enfimite, vanjans oswa laj
nan pwogram oswa aktivite Depatman Trezò - Internal Revenue Service finanse yo. Nenpòt moun ki kwè yo fè diskriminasyon kont li
poutèt ras, koulè, si se fanm oswa gason, orijin nasyonal, enfimite, vanjans oswa laj nan pwogram oswa aktivite ki resevwa asistans
finansye (pa egzanp, Biwo Preparasyon Taks pou Moun ki fè ti salè ba, Konsèy sou taks pou granmoun aje) nan men Depatman
Trezò IRS, kapab pote yon plent alekri bay: National Headquarters; Office of Equity, Diversity & Inclusion; Internal Revenue Service;
Attn: Director, Civil Rights Division (External Civil Rights Team); 1111 Constitution Ave., NW Room 2422; Washington, DC 20224.
Avi konsènan Lalwa sou Rediksyon Kantite Travay ki fèt sou Papye
Lalwa sou Rediksyon Kantite Travay ki fèt sou Papye egzije pou IRS afiche yon nimewo kontwòl OMB sou tout demann pou
enfòmasyon piblik. Nimewo Kontwòl OMB pou etid sa a se 1545-1964. Epitou, si w gen nenpòt kòmantè konsènan estimasyon
kantite tan sa dwe pran nan etid sa a oswa si w gen sijesyon sou kouman pou rann pwosesis sa a pi senp, tanpri ekri Internal
Revenue Service, Tax Products Coordinating Committee, SE:W:CAR:MP:T:T:SP, 1111 Constitution Ave. NW, Washington, DC 20224.
13614-C(HT)
Catalog Number 58971A
Form
(12-2011)
3